SEKSYALITE LAKAY MOUN: Kisa w dwe konnen?
- multiversdechily
- 2 oct. 2024
- 9 min de lecture
Alèkile, tout kote nan sosyete a, tout kouch, tout sèk sosyal, sou tout rezo sosyal yo, seksyalite komanse kite piti piti etap tabou a, anpil kote ap pale de seksyalite lajman laj. Men sa pa anpeche ke gen anpil moun ki genyen apwòch ewone pou n pa di inyore kisa vrèman ki seksyalite a, ki enpòtans li genyen nan lavi yon moun ak nan sosyete a.
Seksyalite se yon aspè enpòtan anpil, se youn nan eleman fondamantal nan lavi yon moun, nan sante jeneral ak nan byennèt li, epi li genyen plizyè dimansyon ki gen rapò ak byennèt fizik, emosyonèl ak sosyal.
Jodi a, nou desite pote kèk limyè nan obdjektif pou fòme, enfòme, edike, sansibilize majorite a sou seksyalite ak diferan aspè ke li genyen, epi ankouraje diskisyon pou yon kilti seksyèl ki plis elaji.
Pouki rezon yon moun dwe gen plis konesans sou sou sa ki gen pou wè ak seksyalite?
Edikasyon ak konsyans: Konesans sou seksyalite ede w konprann kò ou, chanjman ki fèt pandan adolesans, ak diferan aspè ki gen rapò ak relasyon entim. Sa a ka ede w fè chwa ki pi reflechi epi plis enfòme sou sante seksyèl ou.
Prevansyon maladi: W ap kapab pi byen konprann fason pou pwoteje tèt ou kont maladi ki ka transmèt nan fè bagay, tankou VIH/SIDA ak lòt enfeksyon seksyèlman transmisib (IST).
Pi bon relasyon ki sen : Konesans sou seksyalite ap ede w devlope relasyon ki pi sen ak patnè w. W ap pi byen aprann sou kominikasyon, konsantman, ak respè ki dwe genyen nan relasyon entim.
Diminye stigmatizasyon: Lè moun yo gen plis konesans sou seksyalite, sa ka ede diminye stigmatizasyon ki souvan asosye ak sijè sa a. Sa a ka ankouraje yon anviwònman ki pi ouvè epi akseptab pou diskite sou kesyon ki gen rapò ak seksyalite.
Sante mantal: Konesans sou seksyalite ka gen yon enpak pozitif sou sante mantal. Lè w konprann pwòp bezwen ak dezi w yo, w ap santi w pi alèz ak tèt ou, sa ki ka diminye estrès ak enkyetid ki gen rapò ak seksyalite.
Dwa ak respè: Konesans sou seksyalite ede moun yo konprann dwa yo ak sa ki konsidere kòm konpòtman ki akseptab nan relasyon. Sa a ka ede yo defann tèt yo kont abi ak vyolans seksyèl.
Kisa ki seksyalite a menm?
Definisyon seksyalite
Defini seksyalite se mete aksan sou plas ke li okipe nan lavi nou ke endividyèl ke kolektif.
Jeneralman lè n ap pale de sekyalite nou souvan fè referans ak fè bagay, aktivite jenital sèlman. Pafwa tou nou konn konfonn li ak afeksyon, tandrès, ak kèk emosyon, tankou lanmou nan sans laj. Men li ale pi lwen ke sa. Lè nou apwoche seksyalite a nan sans ki pi laj kote ke li genyen plizyè dimansyon, sa vin fè l chita sou yon baz ki pi djanm.
Seksyalite nan listwa
Seksyalite gen yon istwa ki rich epi konplèks ki remonte depi nan lantikite. Depi nan tan sa yo, konpreyansyon ak pratik ki gen rapò ak seksyalite yo te evolye, e sa depann de chanjman ki fèt nan sosyete a, sou kwayans relijye, ak nòm sosyal yo.
Depi nan lantikite, nan ansyen sivilizasyon yo, tankou sa yo ki te egziste nan Lagrès ak Lawòm, seksyalite te wè kòm yon pati entegral nan lavi chak jou. Nan Lagrès, pa egzanp, relasyon ant gason ak jenn gason te souvan aksepte, e yo te konsidere kòm yon fòmasyon sosyal ak edikatif. Relasyon sa yo te souvan gen yon dimansyon pedagojik, kote jenn gason yo te aprann sou lavi ak devlopman nan men gason ki pi gran yo. Anplis de sa, mitoloji ak atizay nan lantikite te souvan eksprime yon apwòch plis louvri sou seksyalite. Dye tankou Afrodit ak Eros te reprezante lanmou ak dezi, e sa te montre yon apwòch ki te plis aksepte sou divèsite nan relasyon ak dezi.
Avèk larive Mwayennaj la, yon chanjman dramatik te fèt nan konpreyansyon ak pratik seksyalite. Relijyon, espesyalman Krisyanis, te jwe yon wòl enpòtan nan restriksyon sou seksyalite. Kwayans yo te mete aksan sou chastete, relasyon seksyèl te limite nan kad maryaj. Sa a te mennen nan yon stigmatizasyon nan tout sa kite konsidere kòm "devyan" oswa ki pa konfòm ak nòm sosyal yo.
Nan peryòd sa a, anpil tèks te ekri sou moralite ak etik seksyèl, ki te souvan sèvi kòm zouti pou kontwole konpòtman moun. Sa a te kreye yon klima kote anpil aspè nan seksyalite te vin tabou, e sa te gen konsekans sou fason moun te wè tèt yo ak relasyon yo ak lot moun.
Peryòd Renesans la te make yon retou nan enterè sou kò imen an ak seksyalite. Atis ak filozòf te kòmanse eksplore tèm sa yo nan travay yo, e sa te mennen nan yon rekonesans pi laj sou divèsite nan dezi ak relasyon. Sa a te kontinye ak Revolisyon Endistriyèl la, ki te pote chanjman sosyal ak ekonomik ki te pèmèt moun yo eksprime tèt yo ak plis libete.
Nan 20yèm syèk la, espesyalman nan mitan ane 1960 yo, te gen yon revolisyon seksyèl ki te chanje fason moun te wè ak pratike seksyalite. Mouvman pou dwa sivil, feminis, ak mouvman LGBTQ+ yo te fè pwomosyon pou akseptasyon ak egalite nan relasyon seksyèl. Sa a te mennen nan yon ogmantasyon nan konsyans sou dwa seksyèl ak pwoteksyon kont vyolans ak diskriminasyon.
Jounen Jodi a, seksyalite rete toujou yon sijè ki kontwovèse, men li se tou yon domèn ki ap devlope rapidman. Gen yon rekonesans pi laj sou nan dwa ki ekitab ant fanm ak gason, ak mouvman feminis yo ki ap vale teren, divèsite nan idantite seksyèl ak oryantasyon, ak mouvman pou dwa LGBTQ+ yo kontinye nan anpil peyi. Anplis de sa, gen yon konsyans ki ap grandi sou enpòtans edikasyon seksyèl, ki vize pou bay jèn yo enfòmasyon ki kòrèk sou kò yo, relasyon, ak konsantman.
Kijan yon moun viv oswa eksprime seksyalite li?
Yon moun viv oswa eksprime seksyalite li sou fòm panse, imajinasyon, dezi, kwayans, atitid, valè, konpòtman, pratik, kreyativite, wòl ak relasyon ki varye.
Byenke seksyalite genyen plizyè dimansyon, men sa pa vle di ke yon moun toujou viv oswa eksprime seksyalite li sou tout fòm an menm tan, paske li enfliyanse pa plizye faktè tankou faktè byolojik, sikolojik, sosyal, ekonomik, politik, kiltirèl, etik, legal, istorik, relijye ak espirityèl, epi selon eksperyans li tou. Seksyalite a kapab fè referans tou a imajinasyon ewotik, konpòtman sediksyon, sensyalite, plezi, elatriye.
Diferan dimansyon seksyalite a genyen
Dimansyon biyolojik
Dimansyon biolojik seksyalite a fè jeneralman referans ak aspe fizyolojik epi anatomik ki enfliyanse konpotman seksyèl yon endividi.
Nomalman depi yon ti moun fèt, li fet ak karakteristik fi oubyen gason ki karkterize ak prezans karaktè seksyel prime yo ki se ògàn jenital yo, bouboun oswa vajen pou tifi, koulouk oswa peni pou ti gason, nan ka ki ra, ka genyen anbigite seksyèl kote ke tou 2 ògàn jenital prezan le sa yo pale de emafwodit. Apre sa lè ti moun nan ap grandi, li pra l rive nan laj pibete l, sou enfliyans òmonn seksyèl yo, nan kondisyon nomal, ap genyen devlopman karakte seksyel segonde, tankou pwal anba zesèl yo ak nan zòn jenital yo. Sou enfliyans testostewòn, kay ti gason pral genyen vwa l ki ap pi grav, li pwa l kòmanse pouse bab, pwatrin li ap vin pi laj, l ap vin ka ejakile espem, elt. kap vin bay yon aspè maskilen. Kay tifi a li menm sou enfliyans 2 omon ki se estwojen ak pwojestewon, pral genyen tete yo ki ap grandi, senti oubyen anch yo ap vin pi laj, yap vin gen reg , elt. kap vin bay yo yon karaktè ki plis feminen. Konn genyen dezekilib oubyen lòt pwoblèm nan pwodiksyon oubyen sekresyon, itilizasyon òmonn sa yo ki ka antrene konfizyon nan devlopman seksyèl yon endividi.
Apwoch sa tounen otou de koup seksyalite-pwokreyasyon. Sa ki vle di seksyalite a lye ak kapasite pou fe pitit pou asire ke espès la kontinye egziste.
Sou menm aspè newoanatomik ak fizyolojik la, lakay tou 2 seks yo pra l genyen kapasite pou reponn ak stimilasyon yon seri de zòn sou kò moun nan, sitou lakay fi, ke y ap rele zòn ewojòn ki enplike nan eksitasyon seksyel ki ap pwovoke anvi yon seri chanjman koporel ak liberasyon òmonn plezi ki ka abouti jouk nan ògasm. Sou menm sans eksitasyon seksyèl la, sou enfliyans òmonn seksyel yo ak enplikasyon sèvo a, endividi a pral vin santi yon gwo bezwen. Lè sa, seksyalite a vin youn pami anpil lot fonksyon tankou grangou, swaf, domi… san ke li pa rantre pou otan nan lis bezwen vital lèzòm, li se yon pilsyon ki gen bezwen pou satisfe.
Menm òmonn seksyel sa yo tankou estwojèn ak testostewòn enplike nan regilasyon dezi seksyel ak tout konpotman ki asosye ak sa. Varyasyon òmonal sa yo enfliyanse apeti moun genyen nan fè bagay, anvi, e menm preferans moun genyen nan poze zak seksyèl. Gen chèchè ki ale pi lwen ki avanse ak lide ke faktè biyolojik ak jenetik yo enplike nan oryantasyon seksyèl yon endividi.
San nou pa ekate aspe sante seksyel la ki genyen ladann maladi moun ka pran nan fe bagay, metod pou evite w tonbe ansent san w pat vle oubyen w pat gen entansyon an, byennet anjeneral ki gen lyezon ak la seksyalite.
Dimansyon sikolojik
Seksyalite a nan dimansyon sikolojik anglobe tout sa ki gen pou wè ak plezi, eksitasyon seksyèl, emosyon tankou lanmou, atachman, entimite, konfyans, atirans, laperèz, wont , dezi, fantas, elt.
Nan menm pati sa , genyen devlopman sikoseksyèl yon endividi ki pa detache vre de devlopman fizik li, ki selon sikanalis Sigmun Freud, yon moun ap gen pou pase pa dives stad soti nan bouch, pase nan dèyè, pou rive nan pati jenital, entividi a pral genyen kom ogan ke l li jwenn plezi nan estimilasyon yo.
San nou pa ekate relasyon pèsonèl ki genyen dimansyon sikolojik ke li antreprann ak lòt moun ke sou plan anmòrèz oswa zanmitay. Dimansyon sila enpòtan anpil paske li pèmèt a nou chak konprann kòman chak grenn moun wè pwop seksyalite l ni vizyon l de seksyalite pa lòt moun tou.
Anplis genyen tout sa ki fè pati de pase yon endividi, sa ke l te sibi sou plan sikolojik oswa sikoseksyèl pra l rantre nan memwa dezi moun sa. Ekperyans sa yo ki konn twomatizan pra l vin transfòme sou fòm fantas, peze lou nan balans lavi seksyèl yon endividi a jeneral..
Dimansyon sosyal
Andedan dimansyon sosyal la genyen tout sa ki gen pou wè ak aspè jiridik, sosyoekonomik, politik, kiltirèl, medyatik, relijye epi etik. Chak endividi egzèse seksyalite li nan yon fason kole kole ak anviwonman sosyal li; fanmiy, zanmi, moun ki grandi ak li, epi tou fason moun ki nan menm tranch laj ak li pèsevwa seksyalite
Seksyalite nan dimansyon sosyal pran an kont a tout sa ki genyen kòm nòm, valè, koutim, mès ak tout lòt estrikti sosyal ki enfliyanse konpòtman ak atitid seksyèl yon endividi. Dimansyon sa a ka enfliyanse fason moun yo wè tèt yo ak lòt moun nan kontèks seksyèl, ki jan yo angaje nan relasyon, ak ki jan yo reponn a atant sosyal yo. Li enpòtan pou konprann ke sa ki akseptab oswa nòmal nan yon sosyete ka diferan nan yon lòt. Nòm sila yo varye tou de yon endividi a yon lot anndan yon menm sosyete epi l enfliyanse sou kek aspè tankou maryaj, fidelite, epi tou wòl yo atribye a jan ko. pa egzanp pou yon gwoup se abstinans avan maryaj, gen yon lot gwoup ki gen yon apwoch ki plis liberal.
Dimansyon sa nan seksyalite a gen anpil pou wè ak evolisyon mantalite moun yo nan sosyete a. Plis mantalite moun yo evolye se plis yap gen yon apwoch ki pozitif vizavi seksyalite endividyel ak kolektif, sitou ak mouvman tankou feminis, dwa moun LGBTQ+ yo, yo kontribiye pou bokou nan redefini fason majorite wè epi konprann seksyalite an menm tan tou fe pwomosyon pou yon pi gran akseptasyon de sa ke n rele divesite seksyel la. Evolisyon sila genyen gwo repekisyon sou lalwa, politik ak pratik sosyal ki te déjà etabli yo, epi pi lwen ki pwa l enfliyansemannye chak endividi wè epi viv seksyalite l.
Pou n fini, seksyalite lakay moun se yon sijè ki genyen plizyè dimansyon. E pou w rive konprann li, fòk ou teni kont de tout aspè li yo pami yo nap jwenn sa ki plis pètinan tankou dimansyon biyolojik, sikolojik, sosyal ak kiltirel. Chak grenn nan dimansyon sa yo entèaji youn ak lòt ou kontribiye nan fason yon moun konprann epi eksperimante seksyalite li.
Yon apwòch global sou seksyalite pèmèt non sèlman nou byen konprann koman moun fonksyone, epi tou fè pwomosyon pou yon seksyalite ki sen epi epanouyisan, pandan ke nap respekte diferans oudimwens divèsite ki egziste kay nou chak, epi respekte chwa chak grenn moun, san pou otan ke nou pa ekate yon seri valè fondamantal ki genyen nan sosyete a.
***
Nou kontan epi felisite w pou tan ke w mete pou w li atik la. Nou envite w pataje atik sila epi komante pou poze kesyon, pataje opinyon pa w sou atik sila.
Li enpòtan anpil pou w pa bliye ke seksyalite a se yon sijè ki konplèks epi chak moun viv li nan fason pa l, sa ki vle di ke pa gen yon sèl fason oubye yon sè non ki egziste sou kesyon sila.
Referans sit wèb
https://claudieroy.wordpress.com/plan-de-cours/buts-et-competences/
https://www.revmed.ch/revue-medicale-suisse/2006/revue-medicale-suisse-58/adolescence-et-sexualite
https://www.msss.gouv.qc.ca/professionnels/jeunesse/sexoclic/globalite-sexualite/
https://www.epfl.ch/campus/community/wp-content/uploads/2022/09/Selon_OMS.pdf
https://cache.media.eduscol.education.fr/file/couv_synthese_sante_sociale_2009-2011/97/8/Approfondir_10themes_maquette_751978.pdf
La sexualité parlons-en (Vers Paris Sans Sida) : www.parissanssida.fr/campagnes/la-sexualite-parlons-en
Commentaires